Album Cover Friend Zone

Friend Zone

RYLAX

13

I don′t want to be in the friend zone, Baby let me love you

I don't want to stay in the friend zone, I′m falling for you

(2 fwa)

Sa fè lontan depi'm konnen'w, nou te zanmi men n′pat renmen

Lè′w gen pwoblèm se mwen'w rele, sekrè ou yo avè′m ou pataje'l

Mwen te toujou vle n′al pi lwen, malerezman ou pat janm wè'm konsa

Sitiyasyon sa ban′m chagren, m'oblije kesyone tèt mwen

M'ape mande

Eske se mwen menm ki g′on defo

Kisa mwen fè ki pa bon nan je′w

Eske se mwen menm ki g'on defo

Kisa mwen fè ki pa bon nan je′w

I don't wanna be in the friend zone Baby let me love you

I don′t wanna stay in the friend zone I'm falling for you

(2 fwa)

Ou mete′m nan kategori zanmi, ou refize chanje lide'w

Epi se chak jou w'ap kriye, pou Bondye lage on moun serye nan men′w

Chak mennaj ou pase se toujou menm koze, yo toujou fè ou kriye

Men cheri ouvè je′w pou'w reyalize, mwen vo plis pase zanmi

I don′t wanna be in the friend zone Baby let me love you

I don't wanna stay in the friend zone I′m falling for you

(2 fwa)

Cheri friend zone nan pa bon, li pa bon I wanna love you baby

(Instrumental)

Bagay sa fè mwen mal, li fè'm mal anpil

Tout nanm mwen boulvèse lè′w pa bòkote'm

Poukisa'w pa vle eseye ban′m yon chans

Mwen pap janm kite′w cheri fè mwen konfyans

Cheri mwen g'on kesyon pou ou

Ki moun sou latè k konnen′w pase'm

Se mwen ki toujou aksepte

Tout vye defo′w ak tout bon kalite'w

Lè mennaj ou fè′w kriye

Se mwen ki toujou la pou'm konsole'w

Kilè w′ap reyalize mwen vo plis pase zanmi

(2 fwa)

(Instrumental)